Lans kase, East Flatbush

Lans kase, East Flatbush
Lans Kase pa yon senp rekèy nouvèl ki kontante rakonte istwa sèlman. Se yon liv ki dekri yon pati nan reyalite kiltirèl pèp nan karayib la epi ki louvri je nou sou zafè imigrasyon nan Nouyòk Siti. Se yon liv ki ka ede nou konprann anpil bagay nan mantalite ak fonksyonman nou. Kidonk, Raoul B. Altidor nan liv sa a mobilize plizyè domèn etid tankou jewografi, sosyoliji, antwopoloji ak filozofi pou l fè literati.
Lans Kase se sèt kote pou nou gade; sèt chimen pou nou janbe avan nou rive sezi tout bote tèks la. Sèt nouvèl sa yo montre ak klè fòs ak dimansyon poyetik lakay otè a. A chak fwa, li vire plim li 7 fwa, 77 fwa pou l mete chita yon bon jan literati kote pwezi ak mizik makònen nan mitan yon bann mo. Jan ekriven Lyonel Trouillot te di li pou "Koulè Midi" Lans Kase, se yon rekèy "pou n sonje se ak memwa, se ak lang yo fè literati."
Herby Glaude
PRP: 80.29 Lei

Acesta este Pretul Recomandat de Producator. Pretul de vanzare al produsului este afisat mai jos.
72.26Lei
72.26Lei
80.29 LeiLivrare in 2-4 saptamani
Descrierea produsului
Lans Kase pa yon senp rekèy nouvèl ki kontante rakonte istwa sèlman. Se yon liv ki dekri yon pati nan reyalite kiltirèl pèp nan karayib la epi ki louvri je nou sou zafè imigrasyon nan Nouyòk Siti. Se yon liv ki ka ede nou konprann anpil bagay nan mantalite ak fonksyonman nou. Kidonk, Raoul B. Altidor nan liv sa a mobilize plizyè domèn etid tankou jewografi, sosyoliji, antwopoloji ak filozofi pou l fè literati.
Lans Kase se sèt kote pou nou gade; sèt chimen pou nou janbe avan nou rive sezi tout bote tèks la. Sèt nouvèl sa yo montre ak klè fòs ak dimansyon poyetik lakay otè a. A chak fwa, li vire plim li 7 fwa, 77 fwa pou l mete chita yon bon jan literati kote pwezi ak mizik makònen nan mitan yon bann mo. Jan ekriven Lyonel Trouillot te di li pou "Koulè Midi" Lans Kase, se yon rekèy "pou n sonje se ak memwa, se ak lang yo fè literati."
Herby Glaude
Detaliile produsului